Swen Sante 19 avril 2020

Kisa coronavirus la fè nan kò mwen?

Kisa kowonaviris la fè nan kò mwen?

Nan kou sa a, w'a aprann kisa nouvo kowonaviris la fè nan kò w, ki jan li pwodwi maladi a ki rele COVID-19 e ki jan kò w konbat viris sa.

37 Kat

An n' aprann ak Jaklin. Jaklin te ale nan mache semèn dènye ak zanmi li, Anjlin. Kounyè a, Jaklin malad. Li sanble Anjlin te enfekte ak yon viris yo rele SARS-Cov-2 men li pa t' konn sa.

SARS-Cov-2, ki rele kowonaviris 2019 la, se lakòz yon maladi yo rele COVID-19. Genyen 7 kalite kowonaviris ki konn enfekte moun; 4 nan yo pwodwi yon rim sèlman tandis ke lòt 3 yo pwodwi enfeksyon ki pi grav.

Kowonaviris yo jwenn non yo nan ti pwent pwoteyin ki kanpe nan sifas yo. Ti pwent sa yo bay viris la yon « kowona » oubyen « kouwòn ». Ti pwent yo soti nan yon kouch grès.

Nan mitan viris la se materyèl jenetik li, ki rele ARN. Sa se resèt viris la pou fè nouvo viris. Men pou li kapab sèvi ak resèt sa, fòk viris la antre nan yon selil vivan nan kò w.

SARS-CoV-2 ka penetre kò a atravè nen an, je yo, ou bouch la. Anjlin te touse toupre Jaklin pandan yo te nan mache a. Li pwobab Jaklin te respire viris la atravè nen li ou bouch li.

SARS-CoV-2 pase nan pasaj larim yo nan nen an ak lòt pasaj respiratwa yo. Li kontinye jiskaske li kontre yon selil ki gen yon pwoteyin ki rele ACE2 nan sifas li. Pwent viris yo vin kole ak ACE2.

Pwoteyin ACE2 a chita nan sifas anpil nan selil yo ki nan kò w la. Men anpil nan pwoteyin ACE2 yo kouvri sifas selil yo ki nan poumon w yo ak kèk nan selil yo ki nan trip ou.

Yon fwa pwent viris la vin kole ak ACE2 a, viris la kapab antre selil la. Yon fwa li antre, objektif li se pou reprodwi tèt li. Viris la transmèt resèt ARN li a nan pati selil la ki ka fabrike resèt li a.

Nan yon sèl jounen, andedan kò Jaklin, yon viris kapab twonpe selil li yo e fè yo pwodwi plizyè milyon kopi viris la. Nouvo viris sa yo kapab deplase ale nan lòt selil ki toupre yo, antre yo e pwodwi plis nouvo viris toujou.



Jaklin pa konnen li genyen COVID-19 jiskaske kèk jou apre li te ale nan mache a ak Anjlin. Pandan « peryòd enkibasyon » sa a, Jaklin pa gen okenn sentòm.

Evite gwo foul moun e kenben distans ou ak lòt moun pou ou kapab evite pran viris la nan men yon moun ki pa gen sentòm.


Siyantifik panse li posib ke SARS-CoV-2 kapab enfekte selil ki nan pasaj respiratwa anwo ak anba yo.

Gen moun ki pa gen okenn sentòm ou gen sentòm ki pa grav, tandis ke gen lòt moun ki tonbe malad.

Viris la enfekte selil ki nan pasaj respiratwa anwo yo nan kò Jaklin. Li gen fwison e li touse. Li pa ka santi manje li. Li kapab transmèt patikil viris la bay lòt moun fasil si li touse.

Si viris la desann nan kò Jaklin e enfekte selil yo ki nan pasaj respiratwa anba yo, li ka devlope nemoni ou sendwòm detrès respiratwa egi. Si sa rive, sa ta rann li difisil pou li respire.

Pou rezime
  • SARS-CoV-2 se yon viris ARN. Li bezwen antre nan selil vivan pou li ka fè kopi.
  • Ou ka pran yon enfeksyon kowonaviris si yon lòt moun touse ou estène toupre ou. Yon lòt fason viris la ka antre nan kò ou se si ou manyen je w, nen w, ou bouch ou avan ou lave men ou.
  • Viris la afekte pasaj lè ou yo.

Erezman, Jaklin gen yon « lame » nan kò li ki ka konbat enfeksyon an. Sa rele sistèm iminitè li. Nan lame sa, gen espyon ak patwouy, mesaje ak sòlda.

Jaklin gen yon lame iminitè ki jèn e fò. Malgre sa, li kapab tonbe malad pou 2 semèn.

Nan ARN viris la, gen yon resèt pwoteyin k'ap ede viris la sere pou lame iminitè li a pa wè li.

Men lè vin gen anpil viris ak selil enfekte nan pasaj respiratwa Jaklin yo, ti lame iminitè li a kòmanse konprann. Li wè gen yon enfeksyon k'ap antre e li kòmanse aji.

Paske Jaklin jèn, lame iminitè li a aji yon jan rapid e efikas yon fwa li twouve enfeksyon an.

Kontinye toujou pou aprann plis sou ki jan sistèm iminitè ou konn konbat viris.

Anndan selil yo, gen kèk pwoteyin espesyal ki fonksyone tankou espyon pou sistèm iminitè ou la. Yo pase nan tout selil la, yo pran echantiyon lòt pwoteyin ki nan selil la, e yo afiche yo nan sifas selil la.

Patwouy ki rele selil T tcheke pou wè si pwoteyin yo ki nan sifas selil yo nòmal ou si yo sispèk. Byen ke yon viris ka sere andedan yon selil, espyon yo afiche yon echantiyon pwoteyin viris la nan sifas selil la.

Lè selil T yo jwenn prèv yon viris, yo ka voye yon lòd « oto-destriksyon » nan selil enfekte a. Yo sèvi ak mesaje espesyal ki rele sitokin pou mete rès lame iminitè a o kouran.

Mesaje yo pote selil iminitè ki rele « sòlda ». Sòlda yo antre ak twoupo ki pwèt pou detwi selil enfekte yo pou viris la pa kontinye reprodwi tèt li.

Men mesaje sitokin yo fè dega tou, sitou si twòp nan yo voye siyal ki twò agresif. Sa ka kreye enflamasyon nan poumon Jaklin.

Pandan selil iminitè e selil poumon ki mouri ak likid kòmanse ranpli poumon Jaklin yo, sa kapab rann li difisil pou Jaklin respire. Si sa rive li, l'ap bezwen chache yon swen ann ijans.

Men menm pandan Jaklin malad, anndan kò li gen selil iminitè espesyal k'ap kreye antikò. Pwoteyin enpòtan sa yo sible viris la pou destriksyon e anpeche yo enfekte selil ki an sante.

Batay la favorize lame iminitè pwisan pa Jaklin nan. Apre kèk jou, fyèv li a desann e tous li a kòmanse disparèt. Poumon li yo geri, e yo kreye nouvo selil pou ranplase selil li yo ki te domaje ou ki te mouri.

Men gen moun ki gen lame iminitè ki pa an sante. Dè fwa, selil iminitè moun konsa aje ou fatige, oswa yo ka preokipe ak lòt batay y'ap deja konbat nan kò a.

Tonton Jaklin rele Jòj. Li se yon nonm ki gen 70 an e li malad nan kè. Li vin gen COVID-19 tou. Men maladi sa pi danjre pou li pase pou moun ki pi jèn tankou Jaklin.

Lè sistèm iminitè nou aje, li pa ka defann nou de enfeksyon osi byen ke lè nou te jèn. Li kreye anpil enflamasyon.

Enflamasyon ka kontribye nan maladi kwonik tankou sik, maladi kè, estwòk, ak demans.

Lame iminitè pa Jòj la pa two fò nan retire kowonaviris la nan kò li. E lè lame li kontre viris la, li pa sèlman reyaji, li reyaji twòp.

Lè lame Jòj la reyaji twòp, li kreye yon nivo enflamasyon ki danjre e li domaje anpil nan selil li yo. Pandan poumon li yo ap ranpli ak likid, Jòj kòmanse pèdi souf li fasil. Madanm li mennen li lopital. Li santi lestomak li lou.

Dabitid, selil poumon yo transmèt oksijèn nan san ou. Lè poumon yo vin anfle e selil domaje kòmanse anpile, sa anpeche oksijèn pase nan yo.

Si kò a pa jwenn oksijèn li bezwen an, sa ka menase lavi li. Lè poumon yo vin domaje e yo ranpli ak likid, sa ka lakòz sendwòm detrès respiratwa egi, ou SDRA.

Si Jòj vin gen SDRA, doktè li yo ka bezwen mete li sou yon vantilasyon. Sa fòse oksijèn antre nan poumon yo. Vantilasyon an kapab mekanik, kote yo atache yon tib nan kò a, oubyen li kapab sèvi ak yon mas.

SDRA se yon maladi ki grav anpil e li ka menase lavi moun. Sepandan, le pli souvan, moun ki pran maladi sa rekovri. Sa ka mande yon ti tan avan yo rejwenn tout fòs yo.

Moun ki jèn kapab gen ka COVID ki sevè tou. Men gen plis pwobabilite ke maladi a ap sevè si lame iminitè yon moun deja preokipe ak yon maladi kwonik tankou sik, ou si moun nan ap pran medikaman k'ap bloke sistèm iminitè li.

Pou mentni fòs lame iminitè ou e pou prepare li pou konbat viris la, se pou ou swiv yon bon rejim alimantè ki gen anpil fwi ak legim. Fò w dòmi ase, fè egzèsis, jere nivo strès ou e pa fimen sigarèt.

Summary

Yon sistèm iminitè ki an sante, ki se « lame » kò a, rekonèt e elimine selil ki enfekte ak kowonaviris la. 
Si ou tonbe malad, kò ou ka kreye antikò k'ap detwi viris la avan li ka antre nan selil ou yo pi devan. 
Moun ki gen yon pwobabilite pou tonbe malad ki pi wo dwe eseye rete lakay yo e pa fè kontak ak moun ki ka malad.
Si ou vle kòmantè

Kisa ou panse de kou sa a?

Dr. Leonard Calabrese, DO

Dr Calabrese se yon Pwofesè nan Medsin ak Vis Prezidan nan Depatman Klinik Cleveland a nan maladi rimatism ak iminolojik. Li enterese nan maladi vaskilè enflamatwa nan sistèm nève santral la, iminodefisyans ak entèseksyon enfeksyon ak oto-iminite.

Kylie Belchamber, PhD

Dr. Belchamber se yon iminològ ki soti nan UK a, etidye kijan selil iminitè yo travay nan poumon yo Li renmen pran foto selil ki anba mikwoskòp la epi ede moun konprann ki jan kò yo travay.

Markus Haugs

Haugs se yon chèchè granmoun aje nan Sant nan molekilè rechèch enflamasyon, Nòvejyen Inivèsite nan Syans ak Teknoloji. Li etidye repons T-selil nan VIH ak enfeksyon mycobacterial.

Hany Z. Meås

Meås se yon postdoc nan Sant Rechèch molekilè enflamasyon, Nòvejyen Inivèsite nan Syans ak Teknoloji. Li etidye repons natirèl ak adaptasyon iminitè a VIH.


Lang
Pataje
Sous
Aprann plis
Lifeology se nan yon misyon fè aprann syans ak plezi plezi ak abòdab nan atizay ak rakonte istwa.

Lifeology se yon platfòm ki konbine syans ak atizay nan ilistre mini-kou ke nenpòt moun ka jwi! Nou genyen tou yon espas kominotè ki pote ekspè, créateur ak lektè ansanm pou inovasyon syans ak kominikasyon sante.

Vizite Lifeology.io pou aprann plis.